Kisa yon kriptomonè ye? Yon eksplikasyon senp
Yon kriptomonè se yon byen dijital moun ka voye, resevwa oswa kenbe atravè yon rezo enfòmatik. Li sèvi ak kriptografi, yon seri teknik matematik ki ede verifye tranzaksyon yo epi pwoteje kont depans san otorizasyon. Bitkwenn (Bitcoin) se yon egzanp. Men, posede kriptomonè pa garanti ou ap fè pwofi.
Kijan yon kriptomonè fonksyone?
Pou kòmanse konprann li, imajine yon kaye dijital ki kenbe tras transfè yo. Nan ka Bitkwenn, plizyè òdinatè pataje dosye sa a epi verifye tranzaksyon yo selon règ rezo a. Dosye sa a rele blòkchenn (blockchain).
Yo rasanble tranzaksyon yo an gwoup ki rele blòk. Chak nouvo blòk konekte ak sa ki vin anvan li ki fòme yon chenn. Ansanm, lyen sa yo ak règ rezo a rann li difisil pou yon moun chanje ansyen tranzaksyon yo. Sistèm lan ede anpeche yon moun depanse menm inite dijital la de fwa.
Pou kominike ak rezo a, moun ka sèvi ak yon bous dijital (wallet). Nan ka yon walèt kote se ou ki kontwole l, ou gen aksè ak kle prive yo: enfòmasyon sekrè ki pèmèt ou otorize depans. Kripto a pa chita anndan telefòn nan tankou biyè nan yon pòch; se dosye rezo a ki anrejistre li.
Èske se menm bagay ak lajan sou yon kont labank?
Non. Paske ou wè yon balans sou yon ekran pa vle di se kriptomonè. Yon kont labank ak yon rezo tankou Bitkwenn pa jere tranzaksyon yo menm jan. Bitkwenn ka fonksyone san yon bank santral oswa yon sèl konpayi ki kontwole dosye rezo a.
Moun ka sèvi ak kriptomonè pou transfere valè oswa peye kote yo aksepte li. Gen lòt ki achte li paske yo espere pri li ap monte. Itilizasyon sa yo diferan: voye yon peman pa menm bagay ak pran yon ris sou yon chanjman pri.
Ann pran yon egzanp: Sandra vle voye Bitkwenn bay Jonas. Li sèvi ak bous li pou prepare transfè a nan adrès Jonas bay la. Rezo a verifye tranzaksyon an epi, lè li konfime, anrejistre li nan blòkchenn nan. Se yon transfè byen dijital, pa yon pwomès Jonas ap resevwa plis valè pita.
Ki ris yon debitan dwe konnen?
Teknoloji a pa retire ris ki genyen lè ou sèvi ak lajan e envesti:
- Pri ka chanje anpil. Valè kripto ou kenbe a ka bese rapid; ou ka pèdi lajan.
- Yon transfè ka difisil pou korije. An jeneral, ou pa ka anile yon peman kripto tankou ou ta konteste yon peman ak kat kredi. Verifye enfòmasyon yo anvan ou voye.
- Kle prive mande pwoteksyon. Si yon lòt moun jwenn kle sa yo, li ka depanse kripto ki asosye ak yo.
- Pwomès pwofi garanti se yon siy danje. Yon moun ki pwomèt double lajan ou rapid bay siy gen yon magouy(eskam), fè anpil atansyon.
- Atik sa a se pou edikasyon sèlman; li pa yon konsèy finansye.
Suiv chanèl WhatsApp ENFO KRIPTO(klike la) a pou resevwa enfòmasyon pi rapid ak kontni fòmasyon an kreyòl, san pwomès richès fasil.
Sous:
FTC, What To Know About Cryptocurrency and Scams: definisyon debaz, itilizasyon, ris pri, peman ki difisil pou anile, ak siy eskam.
Bitcoin.org, How does Bitcoin work?: blòkchenn, verifikasyon ak anrejistreman tranzaksyon yo.
Bitcoin.org, FAQ ak Vocabulary: wòl bous dijital, kle prive ak kriptografi.
Comments
Post a Comment